RAP KREYOL VS COVID_9-10

       Nou genyen avan’n pèdi. E pou’n ta pèdi, fòk pata gen jipiyès. Rout la deja trase anplis forè Rap Kreyol gentan fèt. Sous vayb la ka toujou koule paske rasin nan deja byen kenbe.

Ta sanble gen yon ti group nèg ki ta renmen de-motive tout aktivite nan mond la jis paske yo jwenn mwayen pou yo fè pase yon sèl kou yon vyen entansyon (enfo) ki se KRENT sou tout sosyo nètwòk paske yo konnen se konsa pifò moun nan mond la branche. Nou tout ansanm bezwen yon Re-motivasyon, Atis e kòm fanatik yo. Men tout motivasyon kòmanse pa sak ka enfliyanse yo. Pa example, si tout moun pat pran enfo yon sèl kote; pifò rès kote nan monde la patap menm panse ak bagay (promosyon viris sa a). Menm Atis yo promote’l san chache konnen sa’l ye. San verifye si se fo si se vre. San rechèch de ki kote li soti. Kisa ki koz li ni kisa doktè ki sensè ki pa wè kòb avan di de “viris” la. Se kòmsi yo bay Atis la zam e yo di’l (Tire pye’w ou menm) epi san ezite li (PAAAW) nan yo jarèt. Kounyè a tout fanatik pè al nan pwogram ou. Ou pa ka fache paske kòm enfliyansè se ou’k te di yo pa soti. Tout aktivite vin ralanti. Krent tèlman jwenn pwomosyon gratis. Tout nèg kòmanse al atake ti sa yo te sere ki vin klè ke pyèj KRENT la se pou detwi tout sak vayb, Bon, e pou ta fè tout moun depandan tan pou yo ta endepandan.

Ti group nèg kap eseye De-motive sa yo ak èd tout moun ki pwomote san konnen yo fèt tout sak pè yo ret ap tann yon solisyon(Vaksen). Ki vle di ti group nèg yo jwenn yon jan(san pyè) pou yo manipile’w nenpòt lè yo ta vle a. Yo te ka met yon ti dlo tiyo nan yon ti boutèy epi yo di vaksen an prè fè kè tout moun kontan epi tout bagay re-pedale nòmal wi. Men, nan Pyen mwen vle vini ak nou an se, kòm moun kap enfliyanse, nou pa ta dwen kouri swiv yon #TREND(bagay kap fè bri sou nèt la) san rechèch pèsonèl, san faks, san referans, san prèv, e san itilize bon sans. Jan’m te di o kòmansman, si pifò moun nan mond la pat pran enfòmasyon yon sèl fason sou nèt la; sèl ti kote group nèg de-motive yo bagay KRENT sa a tap rete.

Pou fini, kòm se menm nou menm nan ki te ede mete KRENT la sou tout fanatik nou yo, se menm nou menm nan ki pou retire’l. Ti group nèg kap de-motive yo pa menm kyè si’w egziste kidire pou yo ta nan vin ede’w remotive baz fanatik ou. Leve nan dòmi. Fè je’w klè pou’w reprann kreyativite’w, aktivite’w, e exprese sak nan lide’w pou’w re-ede’w – repare’w mantalman ki pral re-flekte sou tout fanatik ou. Wap vin reyalize ke ou aprann yon leson. Ou pap kouri pwomote sa’w pa gen ase enfòmasyon de ankò. Jamè.

74 comments

Pingback: canadian pharmacys
Pingback: canada drugs
Pingback: canada medication
Pingback: canadian rx
Pingback: online pharmacy
Pingback: meritking
Pingback: grandpashabet
Pingback: madridbet
Pingback: meritking
Pingback: porn
Pingback: porn
Pingback: porn
Pingback: porn
Pingback: child porn