RAP KREYOL STATE VS RAP KREYOL HAITI

Nèg Haiti yo pa vle sipòte Rap Kreyol State. Men, e si nèg nan state yo deside pa sipòte Rap Kreyol Haiti. Atis Ayisyen k’ap fè Rap Kreyol ki pap viv Ayiti yo pa jwenn sipò ni respè an Ayiti. Animatè yo ap fè gwo kè avè yo menm si mizik yo bon. Ki vin rann yo pa ka adisyone sou fennbes yo. Ki vin fè promotè kap fè program yo pa chache fè rankont ak okenn nan Atis sa yo ki nan USA, France, Canada, ect…. Mouvman Rap Kreyol sa a gen tròp sousou. Sèl fason pou Rap Kreyol an jeneral monte tout bon, se si tout animatè radio yo nan menm paj. Kote y’ap jwe sak bon. Yo pap jwe sèlman mizik nèg pa ak mizik nèg kap bay ti kòb anba pandan mizik yo pa menm bon. 
Youn nan fason Atis Rap Kreyol State ak sak nan lòt peyi yo, ak animatè State yo ka chanje bagay la, se…. pa sipòte Rap Kreyol Atis Ayiti yo tou. Tout Atis Rap Kreyol State yo pa dwe al achte figi, peye, pou fè feature ak Atis Rap Kreyol Ayiti yo. Yo dwe jwenn sipòt ak respè yo merite yo tou. Tout Rap Kreyol show kap fèt nan State yo pa dwe jwe pyès mizik Atis Rap Kreyol ki an Ayiti yo. Yo dwe Jwe sèl mizik Rap Kreyol nèg ki nan State yo ak lot peyi yo. 

Lè Promotè ki nan State yo al pran Atis Rap Kreyol ki Ayiti yo pou vin jwe… e yo pa pran menm youn nan Atis ki nan State yo, Si’w son rapè ou animatè ki nan State yo, ou pa dwe al sipòte program sa. Lè Atis, animatè ak dj Ayiti yo ak promotè State yo wè sa, y’ap kòmanse chanje ide yo. Pou vrèman voye Rap Kreyol la monte.

-ARK