Si’w pat fanatic ou patap vin rapè, chantè, dansè, ect…Si’w di’m gen anpil fanatik ki ta dwe ret fanatik nan Rap Kreyol la. Map dakò avèk Ou. Men, si’w di’m anpil fanatik vin ap fè Rap Kreyol kounyè a. Map di’w se nòmal. Si nan resite vès mizik atis prefere’l, li tap vin dekouvri still ak skilz li, se byen pou’l kòmanse ekri e rikòde mizik pal. Anplis, fè promosyon pou jiskaske’l vin rekonèt kòm atis ak fennbes pal. Tout nèg te fanatik avan yo vin gwo atis. Nenpòt nèg ki ta di’w li pat Janm fanatik. Di nèg sa a, pale pawòl sa a ak moun ki pa gen sèrvo paske’w pap pran sa nan men’l.
-ARK
17 comments
You must log in to post a comment.