Master Dji ak Supa Denot merite respè pou sa yo te fè nan Ragga ak Raggamuffin an Haiti lè yo tap imite stil mizik an Jamayik. Sa yo te fè yo te atire jèn yo vre, men yo pat Janm fè mizik Hip Hop ni Rap. Master Dji pat entrodwi Hip Hop an Ayiti, men pito (Raggamuffin). Misye te komanse fè jèn Ayisyen yo vizye pi lwen ke kompa ak Rasin. Ki te vin ba nou gwoup tankou King Posse, ORS, ect…. Ki tap ravaje Ayiti mizikalman pou yon bon bout tan ki vin fè pil ti gwoup ap kreye….ki tap imite King Posse oubyen ORS. Ki vle di, fòk te gen yon vwa Black Alex, Buju, Sami, Top Adlerman, Top tchouko, ect….
Jèn yo te vin komanse ap fè rechèch pa yo sou lòt Jan de mizik jiskaske yo dekouvri yon lòt vibe ki atire yo nan Hip Hop Ameriken an. Se sak te vin entrodwi gwoup tankou Shaka dreams ak Masters ak kèk lòt…. E atis ki merite respè kòm nèg ki tap rap lontan se Money Mike.
Tout group tankou Rockfam ak Barikad Crew ak tout lòt rès yo se evolisyin Rap Masters yo ak Rap Shaka Dreams yo.
Anpil moun gen dwa pa dakò ak sak di la a, men se menm jan an nou nan allrapkreyol.com pa dakò ak Tout lòt moun ki chwazi Master Dji kòm atis ki vin ak Rap/HipHop an Ayiti. Master Dji pat janm te fè Hip Hop.
You must log in to post a comment.