KITE RAP FÈ TRAP FÈW PRAN NAN TRAP

Jan bagay la vin ye nan rap kreyol la la a. Tout nèg vle fè Trap paske li pi fasil, e rapè yo pa bezwen di anyen. Yo jis ap chache sak rime epi repete yon ling menm 20 fwa. Chanje still la pa pwoblèm non, men ou pa bezwen imite’l menm jan ak Atis Ameriken an. Vrèman panse e pran tan’w pou’w ekri bon tèks Rap/HipHop; men’m si’w pra’l lage’l sou yon beat Trap.

Jèn ameriken kap fè Trap ki pap di anyen yo, pa al imite fòm tèks yo paske reyalite yo pa reyalite’w-kap fè rap kreyol. Pale de sak reyalite’w ak Ghetto’w nan peyi’w. Si se mizik Trap ki pa di anyen sa yo atis Rap Kreyol yo vle kontinye fè, yo tou pran nan (Trap = Pyèj).

Rezon….

Si nan fè Trap, Atis Rap Kreyol yo deside fèmen 90% kapasite cèvo yo nan yon bwat san menm reyalize sa,  tout ti jèn kap swiv atis sa yo pral pa Janm jwenn anyen nan mizik ke yo ka aprann ou itilize nan lavi. E nan menm group jèn sa yo kap swiv… gen anpil ki pral devni (Trapè) ki pap di anyen menm jan an. Epi travay la kontinye… men podyab…. nan move direksyon.

Pou konkli, Se pa Trap beat la ki problèm nan, se tèks vag la Atis la lage sou li a. Alò map di tout ti Atis Rap Kreyol yo pou yo ouvri zye yo, re-ouvri cèvo yo pou lage bon Rap sou beat Trap.

BlessUP,

ARK Team.