AN MOUVMAN OU NOU RIVE?

An mouvman Ou nou rive?
Mwen pa konn ki Atis Rap Kreyol ki gentan fè premye milyon Ayisyen an. Si yon fanatik ap li teks sa a e li ta vle se an goud pou’m te di sa, l’a konvèti’l paske (to) yo chanje rapid depan de jan makèt la ye nan mond la. Ebyen, pou’m kontinye ak teks la, Gen lè Atis Rap Kreyol yo vle vin tankou Atis Kompa yo. Jan’m wè bagay yo ap fèt la, Atis yo ta sanble panse yo fin rive. Yo jis fè ti mizik yo…. epi yo ret an plas tankou kompa a; nan yon ti bwat san soti pou ret tann ti kòb pèfòmans. Sak pi mal la, yo pran pòz yo rich. Rap Kreyol dwe ret yon mouvman tout tan pa ko gen yon Atis ki milyonè ladan’n paske se Atis sa a kap vin yon map pou tout lòt yo swiv pou yo ta vin ap fè million tou. Men jan bagay la ye la a, Rap Kreyol pap mouv. Li nan yon (Stop) sign. Paske tout Radio, Dj, Promotè, e menm fanatik yo ret vizye yon sèl kote. Sou Atis ki preske fin dekouraje yo. Sak pa fokis nan mizik jan yo te komanse yo. Tan ke pou yo ta bay Bourad ak jèn talan kap vini yo. Sa vle Di, Rap Kreyol pa an mouvman. Nou pap ankouje talan kap vini. Se sak prale yo nou vle sipòte sèlman. Mwen konnen pa vrèman gen yon label ki gen (major) koneksyon pou distribisyon pou Rap Kreyol la, men si’w wè yon jèn kap vini ki gen talan, tout dj, radio, promotè ect… ta dwè ofri èd yo. Youn Di lòt pou bay jèn sa a yon (Push) Tan se lajan nap mande’l pou’n ta jwe mizik li, Oubyen mete’l kòm Atis envite nan yon gwo program kap fèt. Tout tan vye mantalite sa yo pa chanje, Rap Kreyol pap rive pi lwen. Jèn talan nap inyore, dekouraje yo, gendwa se youn ladan yo ki ta pral ouvri yon lòt pòt pou Rap Kreyol la. Pou konkli, an kite Rap Kreyol an mouvman. An kontinye aksepte nouvo talan. An pa vin tankou Kompa, kote se 7, 8, 9 djazz ki genyen nan tout peyi a.😂 Tout tan gen plis talan, ap gen plis chans pou plis lòt pòt ouvè.
-ARK